Vandredi ki te 14 Fevriye 2025 lan, moun Obòy nan depatman Nò jwenn yon gwo pwason ki te ateri sou kòt lanmè a, yo te itilize manchèt ak rach pou depatya bèt sa a epi al prepare l pou yo manje.
Nan lide pou planifye pi bon estrateji efikas pou goumen kont gang yo nan peyi a, Rameau Normil rankontre chèf misyon fòs miltinasyonal la jodi Jedi 13 Fevriye 2025 lan. Rankont sa a tou te yon okazyon pou direktè jeneral PNH la evalye materyèl ki disponib pou fòs la , sitou sa peyi Salvadò te voye yo.
Finalman rès lopital jeneral pase anba flanm dife. Malgre tantativ leta t ap fè pou relouvri l, yo p at kapab. jodi Jedi 13 Fevriye a, bandi fin boule rès ma ki te rete a.
Copyright 2025 Journal Le Bainétien. All right reserved. Nous sommes pas responsables des contenus venant des liens externes. Site édité par Saul Création