19 sòlda fanm rejwen fòs Miltinasyonal kap ede lapolis batay ak gang yo. Yo vini nan 2 vòl, premye vòl la te gen 9 fanm  epi 10 lòt nan dezyèm vòl la. Anviwon gen 150 sòlda ki sòti Gwatemala ak 8 nan peyi Salvadò ki vinn prepare pou resevwa lòt kap vini yo. N ap raple w, menm si plen sòlda etranje nan peyi a, si pa gen bon jan mwayen efikas pou kwape bandi yo, ti mari p ap monte, ti mari p ap desann. Gang yo ap vin pi vyolan. [gallery type="rectangular" ids="1528,1529,1530,1531,1532,1533,1534,1535,1536,1537,1538,1539,1540,1541"]