Ayiti: Sendika anseyan yo anonse lansman yon grèv jeneral | Le Bainétien
Ayiti: Sendika anseyan yo anonse lansman yon grèv jeneral
Par: Le Bainétien
09 Jan 2025
102 Vues
0 Commentaire
10 Like
Sendika anseyan Ayisyen yo anonse yon grèv nasyonal k ap kòmanse Lendi 13 Janvye 2025 lan.Yo envite Anseyan lise ak lekòl nasyonal yo pou sispann aktivite yo epi rete lakay, se sa responsab sendika yo declare nan yon konferans kit e fèt Mèkredi 8 Janvye a.
Mobilizasyon sa ap fèt nan lide pou yo jwenn satisfaksyon sou plizyè revandikasyon kle. Pami yo, ogmantasyon sale yo fas ak jan vi a vin pi chè, amelyorasyon sèvis asirans pou anseyan yo, nominasyon edikatè ki kalifye yo, règleman aryere sale ak lòt avantaj sosyal.
Selon kòdonatè UNNOEH la, Kenson Delice ak Hubermane Clairemond FENATEC, gèv sa se yon fason pou kwense gouvènman an pou l reponn ak bezwen ijan anseyan yo epi amelyore kondisyon travay yo.
À PROPOS DE L'AUTEUR
Le Bainétien
Le Bainétien est un média libre et engagé destiné à la publication des actualités sur la commune de Bainet, Haïti et le reste du monde.
Testez vos connaissances dès maintenant. À la fin de chaque mois, vous obtenez des primes exclusives si vous parvenez à décrocher le maximum de points.
Commentaires (0)
Soyez le premier à commenter.