Jodi  mèkredi 22 Janvye 2025 lan, se tankou yon gwo fèt nan Jakmèl. Nan okazyon vizit prezidan kolonbyen an Gustavo Petro, tout sektè mobilize pou montre jan yon kontan vizit sa a.

Popilasyon an moutre ki jan yo apresye vizit Gustavo Petro pou premye fwa nan vil la. Malgre ensekirite k ap ravaje peyi a, gwo lajan depanse pou prepare evènman sa a.

Ki rezilta pozitif vizit sa a ap pote pou pèp la? Kilès k ap jwi pasaj prezidan an nan peyi a?