Aprè 76 lane egzistans, byen bonè maten Jedi 13 Mas 2025 lan, nèg viv ansanm yo mete dife nan radyo televizyon karayib, konfime Jhonny Ferdinand, nan jounal premye okazyon.

N ap raple w, sa gen plizyè mwa depi radyo a p at fonksyone nan vrè lokal li ri Chavàn, akoz de jan ensekirite a ap monte chak jou.

Pou kounya, poko gen okenn evalyasyon ki fèt sou kantite materyèl ki ta andomaje. Yon sitiyasyon n ap swiv ak anpil atansyon.