Katye Fontamara ap prepare pou viv yon wikenn espesyal ki pral melanje kilti, gastronomi ak kreyativite lokal. Estrikti Anpenpan Prodz, ansanm ak LAS epi LUC 65, anonse ofisyèlman dezyèm edisyon gwo fwa gastro-atizanal ki pote non “Belot en Foire”, yon evènman k ap fèt anba tèm: “Ansanm, chanjman an posib.”

 

Aktivite a pwograme pou dewoule samdi 30 ak dimanch 31 me 2026, sòti 9 è nan maten rive 11 è nan aswè, ak objektif pou kreye yon espas rasanbleman pou kominote a pandan y ap mete talan ak richès lokal yo an valè.

 

Pandan de jou sa yo, vizitè yo ap gen opòtinite dekouvri ak apresye plizyè pwodwi atizanal tankou bijou, sandal ak lòt kreyasyon atizan ayisyen yo. Fwa a vle sèvi kòm yon vitrin pou mete travay atizan ak antreprenè lokal yo devan piblik la pandan l ap ankouraje pwodiksyon ak konsomasyon pwodwi lakay.

 

Gastronomi ayisyen an ap gen yon plas espesyal tou nan aktivite a. Dapre dosye près evennman an, plizyè espesyalite lokal ap disponib pou piblik la. Pami yo genyen Tontonm, Diri ak Lalo ansanm ak lòt manje tradisyonèl.

 

Pou kenbe anbyans lan vivan pandan tout evènman an, òganizatè yo anonse prezans DJ ak animasyon Twoubadou pou mete mizik ak divètisman nan aktivite a. Nan menm sans lan, yon moman espesyal ap konsakre pou manman yo nan kad selebrasyon fèt yo chak dènye dimanch mwa me, ap distribisyon kado pou manman prezan yo.

 

Evennman an ap fèt nan Baz Celtic, Ri Belo, Fontamara 27. Òganizatè yo envite komèsan, atizan ak moun ki entèrese jwenn plis enfòmasyon oswa rezève espas pou kontakte yo nan +509 3918-0741 oswa +509 4047-6451.

 

Atravè dezyèm edisyon “Belot en Foire” sa a, òganizatè yo espere kreye plis pase yon senp aktivite amizman, men yon espas ki ka pote ansanm kilti, ekonomi lokal ak lespri solidarite pou kominote a.

 

Jean Daniel Pierre