Premye Minis Nòvejyen an Jonas Gahr Støre eksprime jodi lendi 6 Janvye a enkyetid li sou pozisyon patwon X la, milyonè Elon Musk, pran nan lavi politik plizyè peyi Ewopeyen yo. “Mwen twouve li enkyetan ke yon nonm ki gen anpil aksè nan rezo sosyal ak resous ekonomik enpòtan ta patisipe dirèkteman nan zafè entèn nan lòt peyi yo,” se sa minis lan te di nan radyo piblik Nòvejyen.
