Yon direktè antrepriz òganize yon pwomenad nan yon forè pou bay anplwaye li yo ak fanmi yo yon prim.
Rive bò yon rivyè ki chaje ak kayiman, direktè a di: “Mwen pral bay 500 milyon dola ak anplwaye ki travèse rivyè a san kayiman yo pa manje l. E si yo manje l, mwen ap bay fanmi li 250 milyon dola. !”
Apre yon gwo silans, yo tande yon ti bri pye nan dlo a epi yo voye je yo, yo wè youn nan anplwaye yo K ap naje nan dlo a. Pa mirak, li rive travèse rivyè a san kayiman yo pa manje l. Tout moun bat bravo epi yo ba li 500 milyon dola a.
Apre anplwaye a fin pran souf, li di byenfò: “Ki moun ki pouse m nan dlo a?”
Madanm li reponn, se mwen wi ki te pouse w nan dlo a kapon! Ou panse w t ap fèm pèdi 500 milyon sa a?
Se la ekspresyon “Dèyè tout gwo gason gen yon fanm lan sòti” 😂😂😂
