Nan diskou li, Minis Marc-Elie Nelson souliye ke enklizyon moun andikape yo pa dwe wè sèlman kòm yon obligasyon legal, men kòm yon devwa moral ki montre nivo devlopman yon peyi. Li ankouraje nouvo direktè a pou li fè travay li ak entegrite, detèminasyon, epi mete aksan sou respè dwa, diyite ak patisipasyon aktif moun ki gen andikap yo nan lavi sosyal.


Pou pati pa li, Madam Guerline Dardignac pran angajman pou ranfòse kapasite enstitisyonèl BSEIPH, amelyore akonpayman sosyal ak ekonomik pou moun andikape yo, epi soutni òganizasyon k ap defann dwa yo. Li pwomèt tou pou pote repons konkrè pou sitiyasyon moun deplase yo, sitou sila yo ki ap viv nan kondisyon difisil.


Seremoni enstalasyon an te fèt an prezans plizyè otorite, tankou ansyen Sekretè Deta BSEIPH la, Oriol Junior Gérald, Direktè Jeneral MAST la, Marie Hérolle Michel, ansanm ak lòt responsab ak anplwaye enstitisyon yo pandan aktyèl Sekretè dEta a, Genard Joseph, pa t prezan. Ak nouvo direksyon sa a, anpil moun espere wè kèk aksyon konkrè pou amelyore lavi moun andikape yo ann Ayiti.