Men lis prensipal moun ki nonmen yo:
Jacques Stevens Thimoléon: Li pran tèt BMPAD
Franck Lauture: Ansyen depite a nonmen kòm direktè INFP
Lovelie François: Se li ki pral dirije ONA kote l ap gen Botawany Joseph kòm adjwen li.
Pierre André Gédéon: Li nonmen nan tèt ANAP
Patrick Delatour: Li retounen nan tèt ISPAN
Génard Joseph: rekondwi kòm Sekreta dEta Moun Andikape yo(BSEIPH).
Ricardo Jean-Baptiste: Li nonmen Direktè CAN
Dèyè tout nominasyon sa yo, gen yon gwo tansyon politik ki se dosye BMPAD la. Chwa sa a sanble mete Premye Minis lan nan yon sitiyasyon ki yon jan delika. Selon enfòmasyon k ap sikile, li te pwomèt pòs sa a ak pati RDNP nan premye tan, men finalman se PHTK ak alye li yo ki jwenn li ak nominasyon Jacques Stevens Thimoléon an.
Chanjman sa yo nan administrasyon piblik la ki fèt nan yon moman kote popilasyon an ap tann rezilta konkrè, soulve gwo deba kote ensekirite a kontinye ap vale tèren, pandan nèg kontinye ap pi rich sou do ti pèp la.