Seleksyon nasyonal foutbòl ayisyen an antre nan yon nouvo faz preparasyon apre kalifikasyon istorik li pou mondyal 2026 la. Nan sans sa a, seleksyonè a, Sébastien Migné, prezante ofisyèlman lis jwè ki pral patisipe nan premye rasanbleman ekip la pou mwa mas la.


Nan yon konferans pou laprès ki te fèt sou entènèt madi 17 mas la, antrenè franse a anonse yon gwoup 25 jwè. Lis sa a make pa entegasyon twa nouvo figi nan mitan Grenadye yo: Wilson Isidor (Sunderland), Delentz Pierre (FC Tulsa) ak Woodensky Pierre (Violette AC). Prezans nouvo jwè sa yo montre yon volonte pou rafrechi ekip la pandan y ap prepare pou gwo randevou entènasyonal yo.


Nan kad rasanbleman sa a, seleksyon an gen pou l jwe de match amikal entènasyonal enpòtan. Premye a ap fèt 28 mas kont Tinizi, pandan dezyèm lan pwograme pou 31 mas kont Island. Tou de rankont yo ap dewoule nan BMO Field, nan vil Toronto, Kanada.


Match sa yo pa yon senp rankont zanmitay sèlman. Yo antre nan yon lojik preparasyon estratejik pou Grenadye yo, ki gen pou yo reprezante Ayiti nan faz final Mondyal 2026 la. Se yon opòtinite pou antrenè a teste konbinezon, evalye nouvo jwè yo, epi ranfòse senkwonizasyon nan ekip la.


Apre kalifikasyon istorik sa a, atant yo wo anpil bò kote piblik la. To...

Continuez votre lecture

Abonnez-vous gratuitement pour accéder à l'intégralité de nos articles.