Apre yon seyans travay nan Konsèy Minis jodi vandredi 20 mas 2026 lan, gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a rann piblik yon lis nominasyon enpòtan ki touche plizyè gwo bwat nan leta a. Chanjman sa yo rive nan yon moman kote anpil je fikse sou fason pouvwa a ap separe responsablite yo ant divès fòs politik yo.


Men lis prensipal moun ki nonmen yo:

 Jacques Stevens Thimoléon: Li pran tèt BMPAD

 Franck Lauture: Ansyen depite a nonmen kòm direktè INFP

 Lovelie François: Se li ki pral dirije ONA kote l ap gen Botawany Joseph kòm adjwen li.

 Pierre André Gédéon: Li nonmen nan tèt ANAP

 Patrick Delatour: Li retounen nan tèt ISPAN

 Génard Joseph: rekondwi kòm Sekreta dEta Moun Andikape yo(BSEIPH).

 Ricardo Jean-Baptiste: Li nonmen Direktè CAN


Dèyè tout nominasyon sa yo, gen yon gwo tansyon politik ki se dosye BMPAD la. Chwa sa a sanble mete Premye Minis lan nan yon sitiyasyon ki yon jan delika. Selon enfòmasyon k ap sikile, li te pwomèt pòs sa a ak pati RDNP nan premye tan, men finalman se PHTK ak alye li yo ki jwenn...

Continuez votre lecture

Abonnez-vous gratuitement pour accéder à l'intégralité de nos articles.