Jakmèl – Sosyete : Lise Célie Lamour selebre 70 lane egzistans li
19 Mar 2026
121 vues
youtube
Description
Lise Célie Lamour nan vil Jakmèl selebre, jedi 19 mas 2026 la, 70 lane egzistans li nan bèl yon anbyans. Plizyè aktè te reponn prezan, tankou responsab lekòl la, pwofesè, elèv, otorite lokal ak lòt pèsonalite enpòtan nan kominote a. Selebrasyon sa a te yon bèl okazyon pou mete aksan sou valè ak enpòtans enstitisyon an nan devlopman edikasyon nan Sidès peyi a.
Jounen an te kòmanse ak yon mès remèsiman ki te fèt nan legliz Sen Michèl, anba direksyon pè Pikenson Mardy. Pandan omeli li, li te kritike fason responsab yo souvan neglije pwoblèm edikasyon nan peyi a. Li te pwofite ankouraje jèn fi yo pou yo gen plis respè pou pwofesè yo, pran etid yo oserye, epi devlope disiplin ak sajès.
Direktris lekòl la, Marie Gabrielle Confident, te pran lapawòl pou raple tout efò ki fèt pandan 70 lane pou kenbe enstitisyon an kanpe. Li te felisite travay pwofesè ak pèsonèl administrasyon an, pandan li te lanse yon apèl bay nouvo Minis Edikasyon an pou ranfòse ekip la ak plis pwofesè. Pou pati pa li, Direktè Depatmantal Edikasyon an, Wilfrid Lauture, te rann omaj bay pwofesè yo li konsidere kòm “ewo chak jou”, epi li ankouraje elèv yo rete disipline ak detèmine.
Nan kad selebrasyon an, elèv yo ak pwofesè yo te pataje temwayaj, pandan yo te onore sèt pèsonalite pou kontribisyon yo nan lavi lekòl la. Apre mès la, yon parad te òganize soti legliz la rive nan lise a, nan yon lespri inite ak fyète kolektif. Ak 70 lane, Lise Célie Lamour kontinye rete yon ikòn nan domèn edikasyon nan Sidès la, angaje l nan fòme jenerasyon kap vini yo.
Kredi videyo: Jacmel Info