Desizyon Washington pran pou pa renouvle Lwa HOPE/HELP la, ki ekspire premye Oktòb la, pral gen yon enpak devastatè sou ekonomi Ayisyen an. Mezi sa a, ki te garanti aksè pou mache ameriken an(gwo antrepriz yo) bay fè pwodui tekstil(koud rad nan faktori yo) an Ayiti, te reprezante prèske 90% nan ekspòtasyon nasyonal yo. Retire lwa sa pral plonje sektè a nan yon ensètitid total epi menase plizyè dizèn milye anplwa, sa vle di, anpil moun ki t ap travay nan faktori pral pèdi djòb yo.
Malgre plizyè mwa pledwaye ak negosyasyon, efò otorite Ayisyen yo pa t reyisi. Minis Afè Etranjè a Harvel Jean-Baptiste, ki te vizite Washington plizyè fwa, te fè konnen gen diskisyon konstriktif ki te an kou. Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la (CPT), ki te dirije pa Laurent Saint-Cyr, te pibliye plizyè anons rasiran, ki te deklare ke renouvèlman lwa a te prèske yon bagay ki sèten. Ebyen, Washington ki se kapital diskisyon politik ayisyen an pa deside tande mesye dam yo.
Fen Lwa HOPE/HELP la kounye a reprezante yon gwo echèk diplomatik pou lidè Ayisyen yo, ki pral bezwen jwenn yon altènativ prese prese pou anpeche efondreman youn nan poto mitan ekonomi nasyonal la.

