Nan kilti ayisyen an, gen kèk rad ki depase senp estetik pou vin chaje ak sans espirityèl. Wòb karabela a fè pati de senbòl sa yo. Nan Vodou, li pa sèlman yon moso twal, men yon mwayen idantite, respè ak koneksyon ak linivè mistik la.
Rad karabela a, souvan fèt ak twal koton ble klè tise ak fil digo ak blan, gen yon istwa ki travèse syèk. Dapre kèk sous, twal sa a ta sòti nan “chambray”, yon twal ki te pwodwi nan vil Cambrai, nan nò Lafrans, pandan 16e syèk la. Pi ta, li te adopte nan peyi Etazini anvan li rantre nan Karayib la, kote li vin jwenn lavi nouvo nan men pèp ayisyen an.
Nan Vodou, rad karabela a okipe yon plas espesyal. Lè yon moun ap inisye nan yon lakou, gen twa rad rityèl yo oblije genyen : rad syanm, twal koton blan, ak rad karabela. Chak gen fonksyon pa yo nan pwosesis espirityèl la. Karabela a, plis pase tout, senbolize tradisyon ak kontinwite. Se rad anpil lwa adopte kòm rad regleman yo, sitou nan eskòt Zaka yo — lwa travay, tè ak onètete. Men se pa li sèlman : lwa tankou Ogou, Ezili Dantò ak Manbo Inan mete karabela nan kòd espirityèl yo tou.
Se konsa, rad karabela a travèse tan ak fwontyè, soti nan eritaj kolonyal rive nan kilti sakre ayisyen an. Jodi a, li sèvi kòm pon ant tan lontan ak prezan, ant kilti ak kwayans, ant kò ak lespri. Nan chak koud karabela, gen yon fragman memwa pèp ki refize pèdi sans li.
Wòb Karabela, ant tradisyon ak mistik nan Vodou ayisyen an


