Pou yon lòt fwa ankò, Donald Trump sijere lide pou fè Kanada vin 51yèm eta Ameriken, apre demisyon Justin Trudeau.
“Etazini pa ka fè fas ak defisi komèsyal masiv ak sibvansyon ke Kanada bezwen pou l byen fonksyone,” se sa Donald Trump te ekri sou platfòm li a, Truth Social.
“Justin Trudeau te konnen sa epi li demisyone,” ajoute Trump. Si Kanada fizyone ak Etazini, p ap gen tarif dwanye, taks yo ap bese anpil, epi Kanada ap totalman an sekirite kont menas bato Ris ak Chinwa ki toujou ap antoure l yo. Ansanm, ala yon gwo nasyon li ta ye!!!”
Ansyen Premye Minis Quebec la Jean Charest bò kote pa l te di ke li te twouve kòmantè sa a “ensiltan” pou Kanadyen yo.
Nan dat 18 desanm lan, Donald Trump te retounen ak menm pawòl la epi li te ekri pou l di ke plizyè Kanadyen vle Kanada vin 51yèm eta Ameriken . Dapre yon sondaj, 13% Kanadyen ta renmen ke Kanada vin 51e eta Etazini, alòske 82% di opoze.
Trump genlè pa vin jwe fwa sa a ankò, li sanble yon menas non sèlman pou migran k ap viv Etazini, men pou lòt peyi ke li menm ak Elon Musk vle antre fon nan politik yo akoz enfliyans yo sou plan ekonomik ak teknoloji.
