Jean-Marie Le Pen, figi ekstrèm dwat franse a ak finalis eleksyon prezidansyèl 2002 a, mouri madi 7 Janvye a 12 p.m, nan laj 96 lane nan Garches (Hauts-de-Seine), nan yon etablisman kote li te ye depi plizyè semèn. Se sa fanmi li rapòte AFP
Minis enteryè a, Bruno Retaileau, deklare sou kont X li, “kèlkeswa opinyon ou ta genyen de Jean Marie Le Pen, li make epòk li a” li di tou “yon paj nan istwa politik franse a vire”.
Vis-prezidan RN lan Sébastien Chenu bò kote pa l deplore “disparisyon patriyòt la, yon vizyonè ak yon nonm ki gen anpil kouraj” ki “te pote espwa pou plizyè milyon fransè”.
Nan yon nòt pou laprès, pati a salye fondatè li a ki “pral rete sila ki, nan tanpèt yo, pat janm abandone nasyon fransè a e ki, atravè volonte san limit ak tenasite l, fè mouvman nasyonal la yon fanmi otonòm. , politik pwisan ak lib.
Yon lòt bò, Jean-Luc Mélenchon deklare “respè pou diyite mò yo ak lapenn pou moun li yo pa efase dwa pou jije aksyon yo”. “Sa yo ki nan Jean-Marie Le Pen yo rete ensipòtab batay kont nonm lan fini men batay kont rayisman, rasis, islamofobi ak anti-semitis la ap kontinye,” se sa li ekri sou kont X li.
