Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé rankontre madi 7 janvye 2024 a ak konseye “cours supérieure des comptes et du contentieux administratif (CSCCA)” a, nan lide pou ranfòse angajman l an tèm de gouvènans ak transparans enstitisyonèl.
Daprè yon nòt pou laprès nan biwo Premye Minis la, rankont sa a gen pou objektif ranfòse koperasyon ak enstitisyon souveren yo pou konsolide yon gouvènans transparan, efikas ki respekte nòm konstitisyonèl yo.
Pandan ke li akeyi wòl enpòtan CSCCA a nan amelyore jesyon piblik la, chèf gouvènman an ensiste “ke opinyon li yo ak desizyon yo esansyèl pou prezèvasyon estabilite enstitisyonèl ak konfyans sitwayen yo.”
Gouvènman an pwofite okazyon an pou l reyafime angajman l pou l sipòte ak pwomouvwa mekanis enstitisyonèl ki garanti bon gouvènans, k ap sèvi enterè nasyon an.
