Asosyasyon Nasyonal Jounalis Pwofesyonèl yo(ANJP) deklare li boulvèse ak endiyasyon aprè nouvèl kidnapin de jounalis, Osnel Espérance (Radio Télé Uni FM) ak Junior Célestin (Radio Mega Star), ki nan men bandi ame yo pandan wikenn lan nan Pòtoprens. Sa ki pi rèd la, gen rimè k ap kòmkwa yo ta egzekite de travayè laprès sa yo, yon sitiyasyon ki lage yon gwo kè sote nan mitan popilasyon an. Zak sa a se yon gwo kou pou libète laprès ak dwa tout sitwayen genyen pou yo jwenn enfòmasyon, jan sa garanti nan atik 28 Konstitisyon peyi a. Fas ak zak odye sa a, ANJP kondane ak tout fòs li agresyon sa yo k ap fèt sou pwofesyonèl enfòmasyon yo.
Asosyasyon an mande otorite konpetan yo pou yo aji san pèdi tan pou jwenn jounalis yo anba grif kriminèl yo epi mennen yon ankèt serye pou rann jistis. Li klè ke lè y ap atake jounalis, se prensip transparans ak verite y ap eseye kraze nan sosyete a, sa ki rann egzèsis metye a vin pi danjere chak jou nan yon kontèks kote ensekirite a pa sispann vale tèren.
Asosyasyon an eksprime solidarite li ak fanmi viktim yo ak tout kominote laprès la ki anba gwo presyon. Li pwofite okazyon sa a pou li lanse yon apèl bay tout sektè nan lavi nasyonal la pou yon mobilizasyon jeneral pou pwoteje libète laprès an Ayiti. Sekirite jounalis yo dwe yon priyorite pou leta, paske yo peyi a ap kontinye plonje nan fènwa. Leta dwe pran responsablite l pou garanti sekirite pwofesyonèl enfòmasyon yo pou bon jan demokrasi.
Article rédigé par
Laisser un commentaire (0)
Pas encore de commentaire.