Logo

Ayiti-Sekirite: chanjman nan tèt DDO a soulve gwo enkyetid nan lit kont gang yo nan peyi Dayiti

Par: Le Bainétien
19 Mar 2026
227 Vues
0 Commentaire
10 Like
Ayiti-Sekirite: chanjman nan tèt DDO a soulve gwo enkyetid nan lit kont gang yo nan peyi Dayiti

Nan yon entèvyou jounalis Roudy Sanon te reyalize ak defansè dwa moun lan Pierre Espérance, kesyon sekirite a nan peyi Dayiti fè gwo pale apre desizyon pou ranplase Jacques Ader Jean Pierre nan tèt DDO a.


Dapre Pierre Espérance, chanjman sa a ta jistifye pa yon mank disiplin ak yon mank pèfòmans nan jesyon ansyen responsab la. Sepandan, deklarasyon sa a pa rive konvenk tout moun, sitou nan yon kontèks kote popilasyon an te kòmanse remake kèk ti amelyorasyon nan operasyon kont gang ame yo, patikilyèman nan zòn metwopolitèn lan.


Plizyè obsèvatè remake tou pandan entèvyou a, defansè dwa moun lan pa t parèt twò solid nan repons li yo, sa ki vin ogmante dout sou rezon reyèl ki dèyè chanjman sa a. Sitiyasyon sa a kreye yon klima ensètitid nan mitan popilasyon an, ki deja ap viv anba gwo presyon ensekirite a.


Nan opinyon piblik la, kesyon yo ap miltipliye: èske chanjman sa a se yon estrateji pou amelyore pèfòmans, oswa li riske febli efò ki te deja ap fèt yo? Gen menm vwa nan popilasyon an ki ale pi lwen, ki mete an dout endepandans operasyon lapolis yo, tankou si genyen yon konfizyon ant moun k ap fè respekte lalwa ak moun k ap simen latwoublay yo.


Malgre kèk entèvansyon ki fèt, fòk nou rekonèt tou lapolis poko rive mete lapat sou okenn gwo chèf nan kowalisyon gang “Viv Ansanm” lan. Reyalite sa a kontinye alimante enkyetid sou kapasite leta a pou reprann kontwòl total sou sitiyasyon sekirite a.


Nan moman kote peyi a bezwen plis rezilta konkrè, desizyon sa yo mande plis transparans ak eksplikasyon klè pou evite otorite yo pèdi konfyans popilasyon an nèt.

Article rédigé par

Le Bainétien

Partager l'article sur:

Laisser un commentaire (0)

Pas encore de commentaire.

Espace publicité

Articles récents

Vidéos récentes

Tout videyo →

YouTube Live