Logo

BSEIPH gen yon nouvo Direktris Egzekitif : Guerline Dardignac

Par: Rédaction
20 Mar 2026
259 Vues
0 Commentaire
13 Like
BSEIPH gen  yon nouvo Direktris Egzekitif : Guerline Dardignac

Minis Afè Sosyal ak Travay la, Marc-Elie Nelson, te pwosede jedi 19 mas 2026 la ak enstalasyon Madam Guerline Dardignac kòm nouvo Direktè Egzekitif Biwo Sekretè Deta pou Entegrasyon Moun Andikape yo (BSEIPH). Seremoni sa a make volonte gouvènman an, anba direksyon Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, pou ranfòse aksyon leta nan sipò ak entegrasyon moun ki gen andikap yo, pandan y ap konbat tout fòm diskriminasyon nan sosyete a.


Nan diskou li, Minis Marc-Elie Nelson souliye ke enklizyon moun andikape yo pa dwe wè sèlman kòm yon obligasyon legal, men kòm yon devwa moral ki montre nivo devlopman yon peyi. Li ankouraje nouvo direktè a pou li fè travay li ak entegrite, detèminasyon, epi mete aksan sou respè dwa, diyite ak patisipasyon aktif moun ki gen andikap yo nan lavi sosyal.


Pou pati pa li, Madam Guerline Dardignac pran angajman pou ranfòse kapasite enstitisyonèl BSEIPH, amelyore akonpayman sosyal ak ekonomik pou moun andikape yo, epi soutni òganizasyon k ap defann dwa yo. Li pwomèt tou pou pote repons konkrè pou sitiyasyon moun deplase yo, sitou sila yo ki ap viv nan kondisyon difisil.


Seremoni enstalasyon an te fèt an prezans plizyè otorite, tankou ansyen Sekretè Deta BSEIPH la, Oriol Junior Gérald, Direktè Jeneral MAST la, Marie Hérolle Michel, ansanm ak lòt responsab ak anplwaye enstitisyon yo pandan aktyèl Sekretè dEta a, Genard Joseph, pa t prezan. Ak nouvo direksyon sa a, anpil moun espere wè kèk aksyon konkrè pou amelyore lavi moun andikape yo ann Ayiti.

R

Article rédigé par

La Rédaction

Partager l'article sur:

Laisser un commentaire (0)

Pas encore de commentaire.

Espace publicité

Articles récents

Vidéos récentes

Tout videyo →

YouTube Live