Logo

Gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a nonmen plizyè nouvo Direktè Jeneral

Par: Rédaction
21 Mar 2026
273 Vues
1 Commentaire
13 Like
Gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a nonmen plizyè nouvo Direktè Jeneral

Apre yon seyans travay nan Konsèy Minis jodi vandredi 20 mas 2026 lan, gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a rann piblik yon lis nominasyon enpòtan ki touche plizyè gwo bwat nan leta a. Chanjman sa yo rive nan yon moman kote anpil je fikse sou fason pouvwa a ap separe responsablite yo ant divès fòs politik yo.


Men lis prensipal moun ki nonmen yo:

 Jacques Stevens Thimoléon: Li pran tèt BMPAD

 Franck Lauture: Ansyen depite a nonmen kòm direktè INFP

 Lovelie François: Se li ki pral dirije ONA kote l ap gen Botawany Joseph kòm adjwen li.

 Pierre André Gédéon: Li nonmen nan tèt ANAP

 Patrick Delatour: Li retounen nan tèt ISPAN

 Génard Joseph: rekondwi kòm Sekreta dEta Moun Andikape yo(BSEIPH).

 Ricardo Jean-Baptiste: Li nonmen Direktè CAN


Dèyè tout nominasyon sa yo, gen yon gwo tansyon politik ki se dosye BMPAD la. Chwa sa a sanble mete Premye Minis lan nan yon sitiyasyon ki yon jan delika. Selon enfòmasyon k ap sikile, li te pwomèt pòs sa a ak pati RDNP nan premye tan, men finalman se PHTK ak alye li yo ki jwenn li ak nominasyon Jacques Stevens Thimoléon an.


Chanjman sa yo nan administrasyon piblik la ki fèt nan yon moman kote popilasyon an ap tann rezilta konkrè, soulve gwo deba kote ensekirite a kontinye ap vale tèren, pandan nèg kontinye ap pi rich sou do ti pèp la.

R

Article rédigé par

La Rédaction

Partager l'article sur:

Laisser un commentaire (1)

S
Saul Guerrier
22/03/2026

Nouvo rich ki pral kreye pandan pèp la ap kontinye mouri grangou.

Espace publicité

Articles récents

Vidéos récentes

Tout videyo →

YouTube Live