Nan lide pou amelyore sèvis livrezon ak legalizasyon dokiman yo, Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Vijonet Déméro, te reyini, lendi 16 mas 2026, tout estrikti nan ministè a ki konsène ak dosye sa a. Reyinyon sa a te vize fè yon bilan sou fonksyònman sèvis dokiman anliy lan ak idantifye mezi pou rann li pi efikas.
Minis la mete aksan sou nesesite pou bay repons rapid ak efikas a demand piblik la, sitou pou sètifika ak relve nòt klas egzamen ofisyèl yo tankou 9yèm Ane Fondamantal ak Segondè 4. Li fè konnen sèvis la dwe adapte ak bezwen elèv yo ki souvan bezwen dokiman sa yo nan yon delè kout.
Nan sans sa a, li mande direksyon teknik yo pou pran tout dispozisyon ki nesesè pou relanse sèvis dokiman anliy lan. Objektif la se senplifye pwosesis la, ki te konn pran anpil tan ak anpil depans pou itilizatè yo nan tan lontan.
Anvan lansman platfòm dokiman anliy lan nan lane 2022, anpil moun, espesyalman jèn yo, te konn pase plizyè jou ap fè ale vini nan ministè a pou jwenn sèvis. Gen kèk ki te menm viktim move pratik kèk anplwaye. Jodi a, MENFP vle amelyore sistèm nan pandan l ap kolabore ak lòt ministè pou fasilite otantifikasyon dokiman yo, sitou pou itilizasyon nan lekòl ak inivèsite aletranje.
Article rédigé par
Laisser un commentaire (1)
Saul Guerrier
23/03/2026Nou swete gen chanjman