Logo

Ensekirite : yon gwo baryè pou reyalizasyon eleksyon nan peyi Dayiti

Par: Le Bainétien
17 Mar 2026
144 Vues
0 Commentaire
11 Like
Ensekirite : yon gwo baryè pou reyalizasyon eleksyon nan peyi Dayiti

Depi kèk mwa, gouvènman ayisyen an lanse pwosesis pou reyalizasyon eleksyon yo, malgre ensekirite a ap vale tèren chak jou pi plis, yo deside avanse. Se vre, nan nenpòt tout peyi ki gen demokrasi, eleksyon se moman kote pèp la egzèse dwa li pou chwazi dirijan li vle. Men an Ayiti, kesyon sekirite a vin tounen pi gwo obstak sou chemen sa a. Lè lari yo pa an sekirite, lè moun pè kite lakay yo, kijan nou ka pale de eleksyon lib, onèt ak enklizif ?

Ensekirite a gen yon enpak dirèk sou tout etap pwosesis elektoral la. Li ka anpeche enskripsyon elektè yo, bloke deplasman ajan elektoral yo, epi limite aksè obsèvatè yo nan plizyè zòn. Pi grav toujou, li ka kreye yon klima laperèz ki dekouraje sitwayen yo patisipe, sa ki ka mete an kesyon lejitimite rezilta yo si tout fwa li rive fèt.

Anplis, prezans gwoup ame nan kèk teritwa ogmante risk manipilasyon ak presyon sou elektè yo. Nan kondisyon sa yo, eleksyon yo ka pa reflete vrè volonte pèp la, men pito enterè kèk gwoup ki gen fòs sou tèren an. Sa vin frajilize demokrasi a epi ogmante kriz konfyans nan enstitisyon yo.

Sepandan, retade eleksyon san solisyon pa yon opsyon dirab. Sa mande pou otorite yo pran mezi serye pou retabli sekirite a, pandan y ap mete an plas mekanism pou garanti transparans ak patisipasyon tout moun. San yon minimòm sekirite, eleksyon yo riske tounen yon senp fòmil san sans.

Finalman, kesyon an klè : èske nou pare pou òganize eleksyon nan nenpòt kondisyon, oswa èske nou vle eleksyon ki vrèman kredib ? Repons lan depann de kapasite Leta pou mete sekirite kòm yon priyorite reyèl. Paske san sekirite, pa gen demokrasi solid, paka gen eleksyon.

Article rédigé par

Le Bainétien

Partager l'article sur:

Laisser un commentaire (0)

Pas encore de commentaire.

Espace publicité

Articles récents

Vidéos récentes

Tout videyo →

YouTube Live