Federasyon Òganizasyon Sosyalis yo (FÒS) lanse yon apèl ijan kont zak vyolans ki ap miltipliye sou popilasyon sivil la nan depatman Latibonit pandan dènye jou yo. Nan yon nòt pou laprès, estrikti a kondane ak tout fòs li masak ak vyòl ki ap frape kominote yo, epi li akize Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) ak Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la (CSPN) de konplisite pa aksyon ni pa omisyon.
Dapre FÒS, pouvwa an plas la fèmen je l devan soufrans moun yo, malgre atwosite ki ap dewoule kont sitwayen yo. Òganizasyon an konsidere iresponsablite dirijan politik yo kòm yon zak trayizon ak ideyal endepandans peyi a, e li pwente dwèt sou sa li rele “enterè peyi oksidan ak laboujwazi” ki kont enterè mas pèp la.
« Se yon pouvwa miwo-miba ki pa ni wè ni tande lè se dwa moun ki pi vilnerab yo ki an danje », kritike FÒS, ki etabli yon paralèl ant konpòtman otorite aktyèl yo ak ansyen sistèm kolonyal ki te baze sou dominasyon, eksplwatasyon ak diskriminasyon.
Òganizasyon sosyalis la di li prè pou kontinye leve vwa li kont sistèm politik ki tabli an Ayiti depi apre 1986 la. Li denonse yon modèl gouvènans ki, daprè li, pa pote okenn solisyon reyèl pou sekirite, jistis sosyal ak byennèt kolektif la.
« Nou dwe se dènye jenerasyon ki ap viv masak, vyòl, enjerans, koripsyon ak move gouvènans », ekri FÒS, ki mande popilasyon an rete vijilan epi mobilize pou défann dwa li ak lavi li. Òganizasyon an lanse yon apèl pou yon rasanbleman jeneral pou « kwape pratik politik pòs 1986 la ki ap menase ekzistans nasyon an ».
Apèl FÒS la vini nan yon moman kote Latibonit ap fè fas ak yon degradasyon grav nan klima sekirite a, mete anpil fanmi an dèy pandan plizyè komin ap viv nan laperèz ak deplasman fòse.
