Nan yon epòk kote ensekirite ap vale kapital peyi a chak jou, anpil sitwayen ap chèche refij, yon kote pou respire, pou viv tankou moun. Tradisyonèlman, vil pwovens yo te toujou konsidere kòm espas trankilite, espwa ak lavi. Se te kote moun te ka jwenn lapè, solidarite ak respè pou anviwònman an. Men jodi a, menm refij sa yo ap pèdi souf yo.
Anzdeno, yon ti vil ki chita nan mitan de montay, se youn nan bèl egzanp kontradiksyon sa a. Nan tan lontan, vil sa a te renome pou pwòpte li, pou fason moun te konn selebre Nwèl, pou chalè relasyon sosyal yo. Se te yon vil kote lavi te gen gou. Men jodi a, Anzdeno sanble ap mache dèyè olye li avanse. Olye lapwòpte, se fratra k ap domine. Olye òganizasyon, se dezòd.
Tout aks vil la vin tounen depo salte. Lagon an, ki ta dwe yon eleman natirèl ki bay vil la valè, ap benyen nan mitan vil la ak tout kalite fatra. Imaj sa a pa sèlman frape je a, li frape konsyans. Li poze kesyon : kote otorite yo ? Kote responsablite kolektif la ? Poukisa yon vil ki gen tout potansyèl sa yo rive nan eta sa a ?
Sa ki pi di a, se ke Anzdeno toujou gen yon bèl atmosfè. Kri zwazo yo toujou leve chak maten, bon ti van ap soufle sou vil la, lanati ap fè pati pa l. Men moun anzdeno, yo menm, sanble ap abandone pa yo a. Kontrèman ak sa lanati ofri, neglijans moun anzdeno ap detwi espas la piti piti.
Atik sa a se yon kri kè. Yon apèl bay otorite lokal yo, òganizasyon kominotè yo, ak sitwayen yo menm. Devlopman pa vini poukont li. Pwòpte pa yon liks, se yon nesesite. Yon vil pa ka espere avanse si li pa respekte tèt li dabò.
Anzdeno merite pi bon. Li merite retounen sou chemen espwa, pwòpte ak diyite. Kesyon an rete poze : èske n ap kontinye gade vil la ap degrade, oswa èske n ap leve kanpe pou sove sa ki rete ? Chwa a nan men nou.
